![]() |
Se ak kè lou n ap pataje nouvèl sa a: James Personnat, ki se jwè " Team Kris Wa" viktim yon aksidan ayè 3 Jiyè 2025 lan nan Delmas 32, nan anviwon 5 è 30 nan aprè midi.
Aksidan sa kite li gravman blese nan jenou li, sa ki vin n mete l nan yon eta fizik ki mande swen imedya ak konpasyon.
James Personnat , yon jwè enplike, k ap batay chak jou pou lavi, jodi a jwen n tèt li sou kaban n doulè. Sèn lan te chaje ak panik, ak kri moun ki te imilye devan imaj kò li atè, san k ap koule, rèv k ap tranble.
Nan moman sa a kote tout bagay sanble sispan n, tout sa nou ka voye, se lapriyè. Lapriyè pou gerizon, lapriyè pou lespwa, epi gwo lapriyè a: ke li jwenn fòs pou leve ankò, pi djanm pase avan.
AHBB ak tout kominote baskètbòl la ap swete James Personnat yon bon retablisman, epi kouraj ak ekip li ki se
"Team Christ Roi"