Yon bèl wiken n baskètbòl nan 3e edisyon AHBB25
7/5/2025by Carl Raymond Louis
Enfòmasyon konsènan 12e ak 13e jounen AHBB25
Enfòmasyon konsènan 12e ak 13e jounen AHBB25

Nan okazyon 12 zyèm ak 13 zyèm jounen AHBB an, te genyen yon seri bèl match

baskètbòl ki te make lespri nou tout.

 

Nou te genyen CVU San Limit ki mache sou ekip Élite lan pandan l

krabinen l sou yon eskò 75 a 40.

 

Yon lòt bò, ekip Pos Marchand an bat Delmastars 61 a 47. Delmastars te pèdi lòt match

wikenn li an tou fas ak Gladyatè 65 a 46.

 

Ma troupe de Titans sou bò pa l pat gen pitye pou ekip Stylers la kote l te rive enpoze l sou li 66 a 46. E li te rive bat Team Christ Roi sou menm eskò an. Ma Troupe de Titans ki se 2e ekip ki pi byen plase nan 3e edisyon AHBB, ki jiskaprezan konnen yon sèl defèt nan match ki te mete l anfas ekip Gladyatè a.

 

Ekip Gladyatè  a pa sispan n fè sansasyon pandan l kenbe pozisyon l meyè ekip mwa Jen an. Jiskaprezan, yon pakou san defèt kote yo

bat 9 premye match yo rive jwe nan 3e edisyon AHBB. Malgre, absans coach Ashley Salomon ki fè yon deplasman pou Etazini, ekip Gladyatè a enpoze l ak fasilite nan 2 match li jwe pandan wiken n lan.

 

Fritz Salvant nou tout konnen sou non gwo po, fè sansasyon pandan l reyalize yon dòbèl dòbèl pou ekip Gladyatè a nan match ki te mete l anfas ekip Elite la kote l te reyalize 26 pwen ak 13 rebon.

 

Nap Pwofite anonse tou gen Ralph Dubreuse ak Richcard Joseph ki se 2 ansyen jwè ekip POS MACHAN ki rejwenn ekip Delmastars nan AHBB25.

 

Pou yon lòt modèl òganizasyon espò, AHBB, platfòm pa w la.