Ekip Kris Wa ap fè fas ak yon batay difisil
7/29/2025
Guerschon Thomas ant yon kontinwite ou yon depa
Guerschon Thomas ant yon kontinwite ou yon depa

 

 

Avni ekip Kris Wa pandye nan balans pandan jwè zetwal yo a, Thomas Guerschon, ap fè fas ak yon avni ensèten ak franchiz la. Avèk sezon AHBB25 kap apwoche nan fen l, epi pou mache transfè AHBB26 ouvri, Ekip Kris Wa bloke nan yon batay pou konsève byen ki pi presye pou franchiz la. Men yon rezon konplèks pwoblèm kontra, enterè ekstèn, ak limitasyon finansye menase detounen efò yo.

 

Difikilte Kontra Thomas Guerschon

 

Kontra aktyèl Thomas Guerschon ba l dwa pou negosye ak lòt ekip nan AHBB aprè dezan sèvis li nan Ekip Kris Wa. Negosiyasyon pou Thomas Guerschon rete nan Ekip Kris Wa kòmanse pandan plizyè mwa, men poko gen yon akò ki jwen n ant de bò yo. Pwen prensipal ki bloke kontinwite kontra Thomas Guerschon rete sekrè ant de pati yo jiskaprezan. 

 

Daprè anpil espikilasyon ki fè konnen gen posiblite pou Thomas Guerschon mete yon nouvo inifòm sou li nan pwochen edisyon AHBB26 si tout fwa Ekip Kris Wa pa kapab garanti l yon pi bon ekip nan AHBB26.

 

Ekip rival Kris Wa ki vle pran Thomas Guerschon

 

Sa ki ajoute nan difikilte Ekip Kris Wa, se gwo enterè lòt ekip ki anvi jwen n sèvis Thomas Guerschon. Plizyè franchiz prestijye tankou Les Gladiateurs de Port au Prince, Pos Machan Strong, ak Ma Troupe De Titans, rapòte ke yo prè pou peye frè transfè kontra amatè AHBB ekzije a pou Thomas Guerschon. Ekip sa yo pa sèlman gen resous finansye pou satisfè demand Ekip Kris Wa pou Thomas Guerschon, men tou yo gen potansyèl pou ofri Thomas Guerschon yon anviwònman ki pi konpetitif ak yon pi bon chans pou genyen chanpyona a. Atiran pou jwe ansanm ak lòt zetwal yo, epi konkoure pou tit AHBB kapab difisil pou Thomas Guerschon reziste.

 

Kontrent Finansye

 

Kapasite Ekip Kris Wa pou konkoure ak òf konpetitif yo limite tou kontrent finansye ekip la. Jesyon ekip la mete aksan  sou nesesite pou responsablite fiskal, frè transfè Thomas Guerschon kapab ede Ekip Kris Wa kouvri depans nan plizyè lòt domèn enpòtan pou viyabilite ekip la alontèm. Ekip Kris Wa ka oblije pran desizyon ki difisil, tankou echanje lòt jwè ki gen anpil valè oswa koupe depans nan lòt domèn, pou fasilite ekip la kenbe Thomas Guerschon ki deja siyen yon kontra rouki ak yo nan ane 2023 kap ekspire an 2027.

 

Enpak Sou Fiti Ekip Kris Wa

 

Depa Thomas Guerschon kapab gen yon enpak devastatè sou avni Ekip Kris Wa. Kòm pi gwo jwè ekip la, meyè pivo nan AHBB25, ak lidè emosyonèl, Thomas Guerschon se yon jwè endispansab. Pèdi yon jwè tankou l, pa pral sèlman diminye pèfòmans ekip la sou teren, men li pral gen enpak tou sou lavant tikè, esponsò ak angajman fanatik yo an jeneral. Depa Thomas Guerschon ap mete Ekip Kris Wa nan yon faz rekonstriksyon, ki kapab mande plizyè ane pou refè ekip la, epi konkoure pou tit nan AHBB. Sepandan, kenbe Thomas Guerschon kapab pèmèt Ekip Kris Wa rete konpetitif, epi grandi bò kote l. Ekip la ka atire plis jwè tou si yo ka kraze mache ijans lib la.

 

Thomas Guerschon yon fiti ensèten ak ekip Kris Wa

 

Semèn kap vini yo pral enpòtan anpil pou detèmine avni Thomas Guerschon ak ekip Kris Wa. Responsab Ekip Kris Wa dwe jwen n yon fason pou konble negosiyasyon kontra a, epi konvenk Thomas Guerschon ke avni alontèm li se avèk franchiz la. Responsab yo dwe demontre tou volonte pou konstwi yon ekip konpetitif bò kote yo, menm si sa vle di pran desizyon finansye difisil. Avni Ekip Kris Wa an danje, rezilta mache Transfè AHBB26 pral fòme trajektwa Ekip Kris Wa pou ane kap vini yo.